Ou te seleksyone
0 / 0
pwojè.
Enstalasyon, Pak ak Divètisman Lari ak Transpò Resous Kominotè yo Enviwònman

Sa se sèlman yon apèsi. Vòt ou an p'ap anrejistre.

Enstriksyon yo

  1. Seleksyone pwojè ou t'ap renmen sipòte yo. Ou ka vote jiska 5 pwojè.
  2. Klike sou bouton "Voye Vòt Mwen an" lè ou santi ou prè pou voye li.


Enstalasyon, Pak ak Divètisman

Ann Rilaks: Tab Piknik ak Ban pou Pak nou yo

Ban y oak tab piknik yo pèmèt kominote nou regwoupe. Lè nou enstale nouvo ban ak tab piknik nan 10 pak maksimòm nan Cambridge, sa va fè ke moun tout laj ak kapasite ap kapab wi yo pou rilaks, pale, li, gade moun k app ase epi pou rete deyò.

Pri li ka koute: $120,000

Kote: Jiska 10 pak maksimòm toupatou nan Cambridge

   

Pwoteje Sante ak Sekirite Ponpye nou yo

Pwopozisyon sa a pral achte epi enstale sis (6) inite sechwa ekipman pou redwi tan datant pou ekipman yo pwòp ($51,000), epi 11 seri ekoutè san fil pou moun kapab tande pi byen epi amelyore kominikasyon an ($55,000). Ann pwoteje moun k ap pwoteje nou.

Pri li ka koute: $110,000

Kote: Estasyon Ponpye yo nan Cambridge

   

Koneksyon Fas-a-Fas: Konferans-videyo pou Tout Moun

Bibliyotèk piblik nou yo gen sal konferans anpl gwoup nan Cambridge itilize aktivman. Nou kapab ogmante itilizasyon yo si nou aoute konferans videyo pou ameyore kapasite pou tout moun jwenn aksè nan reyinyon, fòmasyon, entèvyou ansanm ak lòt konvèsasyon tou.

Pri li ka koute: $50,000

Kote: Bibliyotèk Prensipal, Sal Rossi ak Rindge yo

   

Balanswa nan Vil la

Enstale sis (6) a wit (8) balanswa nan plas ak pak piblik toupatou nan Cambridge pou rezidan tout la yo kapab amize yo epi reviv eksperyans lè yo te timoun!

Pri li ka koute: $120,000

Kote: Pak ak Espas Deyò yo

   

Ann Sonje: Jaden Lapè pou Souvni Cambridge Memorial Peace Garden

Jaden Lapè pral onore lavi rezidan yo ki viktim vyolans. Li ofri yon espas kalm pou tout moun kapab jwenn refij lè yo konfwonte ak yon sitiyasyon kote yo pèdi trajikman yon moun yo te renmen, epi li pral sèvi kòm pwen rasanbleman pou kominikte a kapab refè ak pou etabli kontak ak kominote a.

Pri li ka koute: $400,000

Kote: Yon pak ki pozisyone nan sant Cambridge

   

Anfòm, Amizan ak An libète: Jimnastik Deyò pou Tout Moun

Pou tout moun ki vle sèvi ak ekipman imnastik pandan y ap respire lè fre, enstalasyon fitnès sa yo ofri de (2) espas jimnastik deyò kòm altènativ pou sal jimnastik peyant yo epi pou moun tout laj ak kapasite kapab fè egzèsis.

Pri li ka koute: $125,000

Kote: Danehy Park ak Teren Tenis akote CRLS

   

Lari ak Transpò

Banmwen yon Abri!

Bay sekirite ak yon kote ki rete sèch pou siklis yo nan Bibliyotèk Prensipal Cambridge la grasa konstriksyon yon abri pou bisiklèt ki kouvri tout ane a.

Pri li ka koute: $100,000

Kote: Bibliyotèk Prensipal Cambridge lan

   

Eklere Tout

Bese kantite moun ki mouri nan aksidan sikilasyon; pou sa, n ap please plis Limyè Rektangilè ki Voye Flach Rapid (Rectangular Rapid Flashing Beacons, RRFB) nan kafou Cambridge yo ki gen plis sikilasyon yo.

Pri li ka koute: $130,000

Kote: Toupatou nan Cambridge

   

Ki Vitès ou?

Raple chofè yo pou yo ralanti, lè nou afiche vitès y ap woule nan moman an menm nan ri Cambridge ki gen plis sikilasyon yo.

Pri li ka koute: $75,000

Kote: Toupatou nan Cambridge

   

Chaje Batri pou Lavni

Kite nou ede Cambridge kondui ak woule vè lavni grasa nouvo estasyon pou chaje batri machin, bisiklèt ak eskoutè ki aksesib piblikman. Estasyon ki enstale sou poto elektrik fè ke li posib pou rechaje batri nan mitan lari a, sa ki yon avantaj pou moun ki pa gen ale sikilasyon ki rezève pou yo.

Pri li ka koute: $100,000

Kote: Pasèl ak Poto Elektrik Minisipal Vil Cambridge

   

Pedale pi Byen

Amelyore sekirite, konfò ak fasilite pou moun itilize enfrastrikti bisiklèt ki genyen deja grasa finansman yon seri pwojè re-asfaltman koridò pou bisiklèt yo.

Pri li ka koute: $250,000

Kote: Nan tout Cambridge

   

Resous Kominotè yo

Fontèn Dlo Potab nan Chak Pak

Enstale nouvo fontèn dlo potab/wobinè dlo potab pou ranpli boutèy nan 9 pak maksimòm ki manke akseswa pou bay dlo potaba. Si inisyativ sa a vin adopte, pral gen ase finansman pou enstale fontèn dlo potab nan pifò pak Vil la.

Pri li ka koute: $90,000

Kote: Nèf (9) pak Vil Cambridge

   

Amelyorasyon nan Bibliyotèk Plas Santral (Central Square Library) la

Amelyore andedan Bibliyotèk Plas Santral la. Travo amelyorasyon yo pral konsantre sou nouvo mèb ki pi modèn ak konfòtab, yon nouvo tab teknoloji pou konekte fasilman laptòp, eskanè, enprimant ansanm ak lòt teknoloji toujou.

Pri li ka koute: $100,000

Kote: Bibliyotèk Plas Santral

   

Teknoloji pou Sant Aprantisaj Kominotè (Community Learning Center) a

Sipòte elèv ak pwofesè yo nan yon klas Anglè kòm Dezyèm Lang (English as a Second Language) nan yon adrès satelit Sant Aprantisaj Kominotè (Community Learning Center, CLC); pou fè sa, n ap achte Chrome Books, yon pwojektè epi yon ekran pòtab pou amelyore eksperyans aprantisaj yo. Klas sa a gen finansman pou jiska pandan pwochen 4 lane yo.

Pri li ka koute: $20,000

Kote: Sant Aprantisa Kominotè – Klas Satelit

   

Boza ki Selebre Dwa Maryaj pou Moun Menm Sèks

Kreye yon enstalasyon boza ki selebre Cambridge kòm premye Vil Ozetazini pou bay lisans pou maryaj moun ki gen menm sèks. Atis lokal, gwoup ak defansè dwa LGBTQ+ ansanm ak piblik la alawonnbadè pral patisipe nan pwosesis planifikasyon ak dizayn la.

Pri li ka koute: $75,000

Kote: Yo pral deside selon kòmantè kominote a

   

Enviwònman

Jaden Lapli pou Rezilyans

Enfrastrikti vèt pa t janm si bèl! Rigòl drenaj biyolojik se jaden yo bati avèk tè ak plant espesyal pou filtre ak absòbe dlo lapli. Yo bon mache, epi se yon bèl fason pou kenbe dlo nou an pwòp epi pwoteje vil nou an kont inondasyon.

Pri li ka koute: $150,000

Kote: Huron @ Cushing, Chestnut Street, Webster Avenue

   

Pyebwa, tanpri!

Ann plante 100 pyebwa toutotou Cambridge pou konbat chalè, mete twa pou bay lonbraj epi bese emisyon kabòn yo anmenmtan l ap fè Cambridge vin yon kote ki pi bon pou lasante ak pi kè kontan.

Pri li ka koute: $200,000

Kote: Tizile chalè toutotou Cambridge, al gade deskripsyon an

   

Pran Pisans Solè a

Enèi gratis, pwòp ak renouvlab! Ann aoute pano solè nan Sant Russell pou Jennjan an pou bese kantite emisyon gaz efè de sèr yo epi ekonomize lajan nou depanse nan enèji.

Pri li ka koute: $250,000

Kote: Russell Youth Center

   

Kamyon pou Laswaf: Kamyon dlo ki bay dlo glase gratis

Èske ou te janm vin swaf dezespereman pandan yon evènman kominotè? Kamyon dlo sa a bay dlo fre gratis nan manifestasyon kominotè yo toupatou nan! Kamyon dlo a ta bese kantite boutèy plastik ki bouche poubèl fatra nou yo.

Pri li ka koute: $75,000

Kote: Nan yon festival kominotè nan zòn ou an!

   

Netwaye Cambridge

Pwojè sa a pral amelyore poubèl fatra ak kontenè resiklaj ki la deja yo. Sa va kenbe ri yo pwòp, anpeche rat, sourit ak ravèt vle antre nan poubèl fatra yo epi fè li pi fasil pou elimine divès kalite dechè yo pi fasilman.

Pri li ka koute: $125,000

Kote: Ranplase poubèl san kouvèk yo ki la deja toupatou nan Cambridge