Ou te seleksyone
0 / 0
pwojè.
Lajenès Lari ak Transpò Enviwònman Enstalasyon, Pak ak Divètisman Resous Kominotè yo

Sa se sèlman yon apèsi. Vòt ou an p'ap anrejistre.

Enstriksyon yo

  1. Seleksyone pwojè ou t'ap renmen sipòte yo. Ou ka vote jiska 5 pwojè.
  2. Klike sou bouton "Voye Vòt Mwen an" lè ou santi ou prè pou voye li.


Lajenès

Teren Mwen – mizajou teren baskètbòl yo

Amelyore teren baskètbòl deyò Hoyt la – nouvo planche, panye baskètbòl pwofesyonèl (ki ajistab epi yon sèl arebò), ekipman pou antrenman ak penti fre.

Pri li ka koute: $250,000

Kote: Hoyt Field

   

Fè Travo Amelyorasyon nan Sant pou Lajenès Moses Youth Center

Amelyore kalite ak ekipman sant pou lajenès Moses lan; pou fè sa, n ap ajoute nouvo mèb, mete ajou teknoloji epi modènize ekipman ak founiti espò yo.

Pri li ka koute: $95,000

Kote: Moses Youth Center

   

Lari ak Transpò

Kalme Sikilasyon grasa yon Spidomèt

Nou pwopoze pou n ajoute venn-senk (25) spidomèt (Pano ki afiche Vitès) kote mezi pou kalme sikilasyon an plis nesesè sou labaz done ak larechèch ki egziste sou sikilasyon an.

Pri li ka koute: $150,000

Kote: Plizyè kote

   

Limyèpou Travèse Chose Pyeton yo Kontwole

Enstale 10 nouvo limyè pou travèse pyeton kontwole nan kote ki gen yon gwo enpak.

Pri li ka koute: $150,000

Kote: Toupatou nan vil la

   

Pakse Ban yo Fè Bagay yo Vin Enpe Plis Fasil

Senkant ban adisyonèl ta fè transpò vin pi pratik pou moun k ap itilize yo epi retire estrès sou yo. Ban yo ta fè ri sa yo vin pi akeyan pou mache, fè chòping ak sosyalize pou pyeton yo ki gen tout laj ak kapasite.

Pri li ka koute: $150,000

Kote: Nan gwo ri ki gen anpil pyeton ak sou itinerè bis yo

   

Pibon Paking pou Bisiklèt pou Elèv ak Fanmi

Enstale nouvo pakin ki kouvri nan CRLS pou fasilite monte bisiklèt pou elèv ak pwofesè yo; epitou nan Pisin McCrehan ki popilè ak fanmi yo pandan peryòd lete, men ki manke ase sipò (rak) estanda pou bisiklèt.

Pri li ka koute: $155,000

Kote: Cambridge Rindge ak Latin School epi toupre Pisin McCrehan lal

   

Plis Estasyon Bluebike Akote Lojman ki Bon Mache yo

Enstale 3 nouvo Estasyon Bluebike ki pou Cambridge nan katye ki bezwen aksè ki pi ekonomik ak pratik pou pataje bisiklèt. Pwojè sa a pral ankouraje enklizivite ekonomik, ede tout moun jwi de menm avantaj ki genyen nan pataje bisiklèt.

Pri li ka koute: $180,000

Kote: Kote ki bezwen yo piplis

   

Enviwònman

Kenbe Cambridge Pwòp

Ranplase 10 baril fatra ak kontenè resiklaj, fè yo vin repouse wonjè ak bon pou anviwòman an. Poubèl Big Belly pral kenbe ri yo pwòp, anpeche bèt nwizib atire bòkot poubèl fatra, epi fè li pi fasil pou elimine kòmsadwa diferan tip fatra.

Pri li ka koute: $100,000

Kote: Plizyè kote

   

Fèmen Kanope a

Plante 100 pyebwa nan zòn Cambridge ki gen kouvèti pwoteksyn pye bwa ki pi ba a, pou tounen katye ki pi vilnerab yo vin pi bon pou lasante, pi fre ak kreye plis bèl kote pou abite ak pou vizite.

Pri li ka koute: $200,000

Kote: Zile pou chalè andedan vil la, espesyalman pou East Cambridge

   

Estasyon Ranplisaj Boutèy Dlo pou Plas Prensipal yo

Bay dlo gratis ak porab nan plas prensipal yo. Fontèn dlo ak estasyon pou ranpli boutèy dlo yo se yon opsyon ki sen pou idratasyon san boutèy dlo jetab, anmenmtan sa redwi dechè plastic yo.

Pri li ka koute: $150,000

Kote: Plas prensipal yo

   

Fè Vil la Fleri ak yon Koridò Abita

Ogmante polinatè ak lavi zwezo yo nan Cambridge nan plante flè ak vejetasyon ki natifnatal nan rejyon an sou tout longè bann nan mitan ki pa vreman itilize, pou kreye yon bèl koridò abita ki relye Fresh Pond ak Simityè Mt Auburn la – ki se 2 abita enpòtan ki esansyèl pou bio-divèsite a.

Pri li ka koute: $75,000

Kote: Bann nan mitan Aberdeen Ave. an

   

Flòt Lavil ki pi Ekolojik

Achte 2 veyikil elektrik ak 2 estasyon chajman pou akselere tranzisyon Cambridge anfavè transpò ki pi pwòp.

Pri li ka koute: $80,000

Kote: Nan tout Cambridge

   

Enstalasyon, Pak ak Divètisman

Konfò pou Chen

Yo pral itilize finansman sa a pou amelyore pak pou chen lavil la, tankou ajoute yon estasyon netwayaj pou chen epi ajoute bòl moule pou chen nan fontèn pou bwè yo.

Pri li ka koute: $100,000

Kote: Pak pou chen nan tout Cambridge

   

Soulve epi Repoze nan Pak la

Ajoute kote anplis pou tinedjè ak adilt fè egzèsis epi rilaks deyò a! Pwojè sa a pral gen ladann yon estasyon fitnès deyò batiman pou fè egzèsis ki pi aksesib pou plis rezidan ak pikèt pou kwoke amak pou rezidan yo kapab detann yo deyò.

Pri li ka koute: $90,000

Kote: Anplasman an daprè bezwen ak enpak la

   

Ouvri Pòt nou yo

Ajoute bouton pou peze nan pòt yo ki pa louvri otomatikman , men ki gen aksè pou chèz woulant. Vil la pral kolabore ak CCPD ansanm ak lòt depatman pou bay sèten kote priyorite, pou fè lekòl, bibliyotèk ak bilding pibblik nou yo vin pi aksesib toujou.

Pri li ka koute: $175,000

Kote: Bilding piblik nan tout Cambridge

   

Resous Kominotè yo

Saldeben Piblik

Pwopozisyon sa a se pou konstwi yon 3zyèm twalèt piblik andeyò nan yon zòn kote gen anpil moun k ap mache.

Pri li ka koute: $350,000

Kote: Zòn ki gen anpil moun k ap mache

   

WiFi Pwolonje Deyò

Aksè WiFi 24 sou 24 yo ajoute nan espas piblik deyò yo akote bibliyotèk ak bilding ki pou leta.

Pri li ka koute: $50,000

Kote: Plizyè kote nan lavil la

   

Boza Piblik: Komemorasyon Aktivism Lokal nan Cambridge

Boza ki onore aksyon an 1971 lidè katye nan Riverside yo tankou aktivis Nwa, Feminis ak LBTQ+ yo, ki te anvayi bilding la ki chita nan 888 Memorial Dr pou egzije lojman ki bon mache, redwi ekspansyon kanpis la epi tabli yon sant pou fanm.

Pri li ka koute: $125,000

Kote: Riverside Press Park

   

Espas prive pou paran k ap bay pitit yo tete

Plase yon kabàn Mamava pou bay tibebe tete pou paran yo nan Meri Lavil la.

Pri li ka koute: $60,000

Kote: Beri Vil la

   

Aksè nan Sèvis pou Lave Lenj nan Lekòl Piblik yo

Renove yon kote nan yon Lekòl Piblik Cambridge epi enstale machin pou lave ak seche rad pou elèv yo ki pa gen aksè nan sèvis pou lave rad lakay yo, pou itilize pou rad yo ak pou bezwen yo.

Pri li ka koute: $50,000

Kote: Poko deside (nan yon lekòl piblik Cambridge)