Elaji Aksè a Swen Veterinè pou Granmoun Aje ak Kominote ki Gen Revni Fèb yo |
Arè Bis Flotan: Sekirite Amelyore pou Siklis yo ak Pasajè Bis yo |
Finanse Twalèt Piblik pou Amelyorasyon Cambridge Park |
Bati De Estasyon pou Bis |
Chajè Veyikil Elektrik |
Resiklaj Entelijan ak Konpresè Fatra |
Kowòdonatè Angajman Pye Bwa ak Jaden Kominotè |
Ajoute ak Jere Estasyon Reparasyon Bisiklèt |
Pwodwi Gratis pou Swen Règ ak pou ijjèn Tibebe |
Founiti Siplemantè pou Rezidan Sanzabri yo |
Pyèj Entelijan pou Rediksyon Rat (Smart Boxes) |
Elaji Aksè a Wi-Fi Piblik Gratis nan Inman Square |
Ann Ede Rezidan Cambridge yo Achte Bisiklèt |
Teen Oasis ak balansin |
Amelyore Sekirite pou Pyeton yo |
Chèz ki gen Lonbraj nan Ri ki fè Cho yo |
Teren Volebòl avèk Sab |
Ogmante Espas pou Pye Bwa nan Lari a |
Selebre Kontribisyon Fanm Lokal yo: Devlope Pwojè Eritaj Fanm Cambridge la |
Pwolonje Orè Wikenn yo nan Pisin War Memorial |
Remak: Yo ranje pwojè sa yo nan yon lòd o aza.
Elaji Aksè a Swen Veterinè pou Granmoun Aje ak Kominote ki Gen Revni Fèb yo
Amelyore aksè nan swen veterinè pou rezidan ki gen difikilte finansye ak deplasman yo. Pwopozisyon sa a pral bay konsiltasyon gratis, klinik vaksen, swen pou bèt domestik, swen dantè, ak sèvis ti bis mobil pandan twazan.
Pri li ka koute: $200,000
Kote: Lojman pou moun ki pa gen anpil revni, rezidans pou granmoun aje, ak lòt domèn bezwen.
Arè Bis Flotan: Sekirite Amelyore pou Siklis yo ak Pasajè Bis yo
Yon 'arè bis flotan' se lè yon bis kanpe bò lari a, epi yon liy bisiklèt sep`are liy bis la ak twotwa a. Pwojè sa a pral bati de arè bis flotan pou vwayaje pi an sekirite epi benefisye moun k ap mache, moun ki sou bisiklèt, ak itilizatè bis yo.
Pri li ka koute: $250,000
Kote: Yo dwe detèmine sou baz evalyasyon enpak ak bezwen yo
Finanse Twalèt Piblik pou Amelyorasyon Cambridge Park
Amelyore aksè ak ijèn nan pak yo avèk yon twalèt piblik dirab e ekolojik. Portland Loos, ki te deja finanse pa PB, yo fèt pou Flagg Street ak Cambridge Common. Pwopozisyon PB sa a ap pral finanse yon lòt lokal.
Pri li ka koute: $500,000
Kote: Renovasyon aktyèl oswa pwochen nan yon pak kominotè
Bati De Estasyon pou Bis
Enstale estasyon bis nan de arè bis. Yo pral chwazi lokal yo pou benefisye pi gwo kantite pasajè yo. Bay estasyon ki aksesib, an sekirite ak konfòtab ankouraje itilizasyon transpò piblik epi soutni objektif anviwònman Vil la.
Pri li ka koute: $400,000
Kote: Yo dwe detèmine sou baz evalyasyon bezwen ak enpak yo
Chajè Veyikil Elektrik
Enstale estasyon rechaj veyikil elektrik (EV) nan twa pakin vil la ki posede ak lòt lokal Vil la deziyen. Plis chajè piblik sipòte adopsyon EV, sa ki amelyore kalite lè a epi ki bon pou anviwònman nou an.
Pri li ka koute: $350,000
Kote: Yo dwe detèmine sou baz evalyasyon bezwen ak enpak yo
Resiklaj Entelijan ak Konpresè Fatra
Ajoute 15 konpresè fatra ak resiklaj san manyen, ki rezistan pou wonjè nan Cambridge. Poubèl "Big Belly" yo kenbe Vil la pi pwòp, diminye popilasyon wonjè a, epi ogmante resiklaj.
Pri li ka koute: $120,000
Kote: Yo dwe detèmine sou baz evalyasyon bezwen ak enpak yo
Ajoute ak Jere Estasyon Reparasyon Bisiklèt
Yo dwe enstale estasyon reparasyon bisiklèt nan Vil la epi yo bezwen yon pwogram pou antretyen woutin. Pwojè sa a pral kreye pwogram twazan sa a epi elaji zouti ki ka itilize yo lè li enstale senk estasyon siplemantè, pou asire zouti yo disponib pou tout moun.
Pri li ka koute: $85,000
Kote: Yo dwe detèmine sou baz evalyasyon bezwen ak enpak yo
Pwodwi Gratis pou Swen Règ ak pou ijjèn Tibebe
Moun ki pa gen mwayen pou achte pwodwi ijjèn yo oblije pran desizyon difisil. Ede ogmante aksè nan pwodwi swen règ ak ijjèn yo, pou site daypè, ti sèvyèt tibebe, ak lòt pwodwi nan bilding Minisipal yo pou twa ane.
Pri li ka koute: $85,000
Kote: Pwopriyete vil la posede (Cambridge Public Library (Bibliyotèk Piblik Cambridge), Depatman Ponpye, bilding minisipal, sant jèn yo)
Founiti Siplemantè pou Rezidan Sanzabri yo
Livre founiti enpòtan pou rezidan sanzabri yo atravè pwogram ki etabli yo, tankou atik tankou chosèt, chapo, gan, chofaj men, pwodui pou ijjèn pou fanm, ak lòt bagay pou ede moun k ap viv nan sitiyasyon sanzabri.
Pri li ka koute: $50,000
Kote: Nan tout vil la
Pyèj Entelijan pou Rediksyon Rat (Smart Boxes)
Achte, mete, epi kenbe 100 Smart Boxes adisyonèl (pèlen pou rat) pou rediksyon wonjè ak koleksyon done. Ajoute pèlen sa yo ap ogmante mezi kontwòl ensèk nuizib ki egziste deja yo jiska 2027.
Pri li ka koute: $360,000
Kote: Yo dwe detèmine sou baz evalyasyon bezwen ak enpak yo
Ann Ede Rezidan Cambridge yo Achte Bisiklèt
Pwopozisyon sa a pral elaji posesyon bisiklèt pou rezidan ki gen revni fèb ki kalifye yo. Pwogram dezan sa a pral rann bisiklèt disponib pou achte nan pri rabè epi li pral ofri transpò sou bisiklèt ki fyab pou rezidan ki nan bezwen yo.
Pri li ka koute: $300,000
Kote: Nan tout vil la
Amelyore Sekirite pou Pyeton yo
Amelyore sekirite pou moun ki itilize twotwa a pou ale lekòl, lopital, ak rezidans pou granmoun aje yo. Pwojè sa a pral enstale pasaj pou pyeton ki soulve, pano entèraktif limit vitès, ak pasaj pou pyeton k ap flache pou ede vwayaje an sekirite.
Pri li ka koute: $400,000
Kote: Lekòl piblik, lopital, rezidans pou granmoun aje
Chèz ki gen Lonbraj nan Ri ki fè Cho yo
Kreye 3-5 espas pou chita ki gen lonbraj nan zòn ki okipe ki plis bezwen lonbraj ak chèz. Chak espas pral mezire 300 a 500 square feet ak lonbraj epi espas enteresan pou chita: balansin, chèz, tab, ak chèz komen.
Pri li ka koute: $450,000
Kote: Yo dwe detèmine sou baz evalyasyon bezwen ak enpak yo
Ogmante Espas pou Pye Bwa nan Lari a
Ede anviwònman nou an nan retire twotwa pou elaji espas pou nouvo pye bwa ak sa ki egziste. Retire asfalt bay plis espas tè pou rasin pye bwa yo, ede pye bwa yo viv pi lontan ak pi an sante, amelyore drenaj, epi redwi chalè vil la.
Pri li ka koute: $100,000
Kote: Yo dwe detèmine sou baz evalyasyon bezwen ak enpak yo
Selebre Kontribisyon Fanm Lokal yo: Devlope Pwojè Eritaj Fanm Cambridge la
Selebre kontribisyon divès fanm Cambridge yo pa rekonèt ase. Finanse rechèch ak entèvyou istwa oral pou triple kantite fanm ki reprezante yo. Refè sit entènèt pwojè aktyèl la pou ranfòse kolaborasyon avèk lekòl yo epi bibliyotèk.
Pri li ka koute: $60,000
Kote: Sit entènèt Cambridge
Pwolonje Orè Wikenn yo nan Pisin War Memorial
Ogmante kantite èdtan pou naje nan wikenn nan pisin War Memorial pou twa zan. T ap ouvri Samdi swa yon èdtan anplis, epi t ap ouvri dimanch maten yon èdtan alavans. Pwopozisyon sa a pral finanse depans fonksyònman yo pou tan naje pwolonje.
Pri li ka koute: $50,000
Kote: Sant Rekreyasyon War Memorial