Renovasyon Teren Baskètbòl |
Finansman pou Klèb Lekòl Segondè |
Evènman Espòtif pou Otonomi Medam yo |
Renovasyon Moses Youth Center |
Byenveni nan Bwat Tibebe pou Nouvo Paran |
Aksesiblite Soutitraj An Dirèk pou Reyinyon Vil la |
Swen Mobil pou Bèt Domestik |
Peny ki pwoteje kont Pou (Lice Comb) gratis nan Lekòl Piblik yo |
Chajè Machin Elektrik |
Bati yon Jaden Polinizatè nan yon Pak Vil la |
Enstale Bwat Fatra ki san Danje pou bagay ki file yo |
Sant Mobil pou Atik ki Difisil pou Resikle |
Chèz woulant ki itilize nan dlo nan Gold Star Pool |
Tapi Aksesib pou Evènman Piblik yo |
Vitès pi Dousman pou Lari ki pi an Sekirite |
Evènman Bisiklèt Amizan, Edikatif pou Adilt |
Remak: Yo ranje pwojè sa yo nan yon lòd o aza.
Renovasyon Teren Baskètbòl
Renove yon teren baskètbòl deyò! Pwojè sa a pral repare yon teren ki plis bezwen reparasyon, pentire nouvo liy, epi enstale sèk ajistab pou jwèt enklizif pou tout laj nan lokal gwo kominote yo.
Pri li ka koute: $350,000
Kote: Y ap gen pou detèmine sou baz bezwen ak evalyasyon enpak.
Finansman pou Klèb Lekòl Segondè
Klèb elèv nan CRLS kounye a fè anpil bèl bagay pou kominote nou an: volontarya, leson patikilye, devlopman akademik ak pwofesyonèl, ak plis ankò. Ann bay finansman pou ede elaji kapasite yo pou yo patisipe nan kominote a ak pi lwen!
Pri li ka koute: $150,000
Kote: Lekòl Cambridge Rindge ak Latin pou jiska twazan.
Evènman Espòtif pou Otonomi Medam yo
Elaji Cambridge Sports for Girls Night pou genyen plizyè evènman chak ane pou jèn nan lekòl primè ak segondè yo. Evènman amizan sa yo pèmèt jèn ti fi yo eseye diferan espò nan yon anviwònman kominote ki bay sipò!
Pri li ka koute: $45,000
Kote: War Memorial, Danehy Park, Sal Espò Lekòl CPS , ak lòt pou jiska twazan.
Byenveni nan Bwat Tibebe pou Nouvo Paran
Ann sipòte nouvo paran yo! Materyèl pou tibebe yo chè epi pran swen yon tibebe difisil. Pwopozisyon sa a pral bay founiti tibebe pou nouvo paran yo epi pataje enfòmasyon sou resous kominotè yo pou ede fasilite tranzisyon pou jwe wòl paran.
Pri li ka koute: $60,000
Kote: Nan tout vil la atravè Sant pou Fanmi yo pou jiska twazan.
Aksesiblite Soutitraj An Dirèk pou Reyinyon Vil la
Ann fè reyinyon piblik yo pi aksesib pou moun ki soud ak moun ki mal tande yo! Pwopozisyon sa a pral finanse ekran pòtab ak anplwaye pou transkripsyon an dirèk reyinyon piblik nan bilding vil la posede.
Pri li ka koute: $250,000
Kote: Bilding vil la posede, espas reyinyon piblik pou jiska twazan.
Swen Mobil pou Bèt Domestik
Amelyore aksè a swen veterinè pou rezidan ki gen pwoblèm finansye oswa mobilite. Pwopozisyon sa a pral bay tchèkòk gratis, klinik vaksinasyon, penyen, swen dantè, ak lòt sèvis pou bèt domestik rezidan ki nan bezwen yo.
Pri li ka koute: $200,000
Kote: Lojman pou moun ki pa gen anpil revni, enstalasyon pou granmoun aje viv, ak plis ankò pou jiska twazan.
Peny ki pwoteje kont Pou (Lice Comb) gratis nan Lekòl Piblik yo
Bay peny ki pwoteje kont pou gratis, bon jan kalite pwofesyonèl pandan epidemi pou diminye depans pou fanmi yo. Peny sa yo gen dan pwès ki rekòmande pou tretman lave epi pi efikas pase peny estanda yo.
Pri li ka koute: $60,000
Kote: Tout Lekòl Primè ak Lekòl Siperyè Piblik Cambridge yo.
Chajè Machin Elektrik
Enstale estasyon rechaj Veyikil Elektrik (EV) nan 3 lokal ak 10 tèt chajè. Adopsyon EV ap grandi san rete jan done estasyon rechaj EV vil la kolekte montre sa. Pwopozisyon sa a reponn a yon gwo demann rezidan yo ki te endike yon bezwen pou plis chajè EV ki disponib piblikman.
Pri li ka koute: $200,000
Kote: 10 tèt chajè nan 3 lokal y ap gen pou detèmine.
Bati yon Jaden Polinizatè nan yon Pak Vil la
Jaden polinizatè yo gen espès plant natif natal ki bay resous polinizatè pou zannimo ak plant lokal yo. Pwojè sa a pral kreye epi plante yon jaden polinizatè nan yon pak vil la pou atire ak nouri polinizatè natif natal yo!
Pri li ka koute: $75,000
Kote: Y ap gen pou detèmine sou baz bezwen ak evalyasyon enpak.
Enstale Bwat Fatra ki san Danje pou bagay ki file yo
Enstale bwat pou jete egiy, lans, oswa lòt zouti medikal byen file. Bwat sa yo ap nan zòn ki gen anpil bezwen pou bay plis opsyon sekirize ak pratik pou jete bagay ki file nan vil la.
Pri li ka koute: $30,000
Kote: Sis kote ki gen anpil bezwen pou koleksyon fatra pou jiska twazan.
Sant Mobil pou Atik ki Difisil pou Resikle
Olye pou w ale nan Sant Resiklaj la, kite Sant Resiklaj la vin jwenn ou! Nan evènman kominotè yo, Sant mobil la ka ede rezidan yo resikle atik yo san yo pa bezwen travèse vil la. Ede resikle atik tankou fatra elektwonik, liv, pil/batri, sachè plastik, ak plis ankò.
Pri li ka koute: $75,000
Kote: Nan lokal nan tout vil la pou jiska twa zan.
Tapi Aksesib pou Evènman Piblik yo
Cambridge òganize anpil evènman deyò chak ane. Tapi aksesib yo ka ranje sou teren ki pa betone pou asire ke plis moun ka jwi bèl espas ekolojik evènman sa yo. Tapi sa yo sipòte fanmi yo ak pousèt, chèz woulant, ak lòt èd mobilite.
Pri li ka koute: $20,000
Kote: Evènman Deyò Vil la pou jiska twazan.
Vitès pi Dousman pou Lari ki pi an Sekirite
Enstale 48 polis kouche nan ri prensipal yo nan Cambridge pou diminye vitès machin yo. Polis kouche amelyore sekirite pyeton yo, kreye katye ki pi an sekirite, ki pi fasil pou viv. Pwojè sa a gen pou objektif rezoud pwoblèm eksè vitès ak amelyore sekirite sou wout jeneral.
Pri li ka koute: $250,000
Kote: Lari akote ki ale pèpandikilè ak wout prensipal yo.
Evènman Bisiklèt Amizan, Edikatif pou Adilt
Elaji òf edikasyon vil la sou sekirite bisiklèt, lè n ofri atelye pou aprann monte bisiklèt ak atelye monte bisiklèt nan vil pou adilt. Plis opòtinite edikasyonèl pral pèmèt plis moun santi yo an sekirite epi alèz pou sèvi avèk bisiklèt pou deplase nan vil la.
Pri li ka koute: $110,000
Kote: Pak piblik, pakin vid, wout bisiklèt pou jiska 2 zan.
Shoot for the Stars (Vize Etwal yo): Pwogram Public STEAM
Ann sipòte pwogram astwonomi ak STEAM nan Bibliyotèk Piblik Cambridge pou ede anseye sou mèvèy syèl la lannwit an patenarya ak òganizasyon astwonomi ak STEAM lokal yo.
Pri li ka koute: $15,000
Kote: Bibliyotèk Piblik Cambridge pou jiska twazan.
Krèm Solèy Gratis nan Pak Vil yo
Kenbe Cambridge an sante epi pwolonje tan pou jwe lè w ajoute distribitè krèm pwotèj kont solèy gratis nan pak vil yo ak espas jwèt yo! Pwojè sa a pral finanse enstalasyon distribitè ak antretyen kontini pandan twazan.
Pri li ka koute: $20,000
Kote: Pak atravè vil la pou jiska twa zan.
Pote Jwèt Avanti nan Cambridge
Pote jwèt avanti bay timoun Cambridge! Jwèt avanti fizik ankouraje pran risk ki sipèvize ak amizan. Evènman ak fòmasyon aktyèl yo ap ede patnè kominotè yo fasilite yon nouvo kalite jwèt ki ede ankouraje imajinasyon timoun yo.
Pri li ka koute: $150,000
Kote: Lokal pwogram yo atravè Cambridge pou jiska twazan.