| Amelyorasyon Pak Chen |
| Ekipman Egzèsis pou Deyò |
| Amelyorasyon Teren Baskètbòl |
| Orè Lwazi Andedan Kay Pandan Iv |
| Sechwa ak Ekipman Pisin |
| Sèvis Asistans pou Transpò |
| Twous Meteyo pou Fredi ak Lapli |
| Sipòte Aksè Kontinyèl a Founiti Lekòl yo |
| Espas Sipò pou Atis |
| Avni Mwen, Vòt Mwen |
| Jaden Lapli ak Polinizatè |
| Bay Po Plant pou Pye Bwa sou Twotwa |
| Renove Jaden Kominotè Riverside Press Park |
| Kontwòl Rat nan Rezidans |
| Zouti Deyò pou Prè |
Remak: Yo ranje pwojè sa yo nan yon lòd o aza.
Amelyorasyon Pak Chen
Pwojè sa a pral enstale amelyorasyon ki nesesè nan yon pak chen, tankou ekipman ajilite ak amelyorasyon pou kouvèti tè. Amelyorasyon sa yo pral ede fè pak chen yo pi an sekirite epi pi agreyab pandan tout ane a.
Pri li ka koute: $100,000
Kote: Ap detèmine selon bezwen ak enpak.
Ekipman Egzèsis pou Deyò
Ann fè egzèsis ak kondisyon fizik pi aksesib lè nou enstale ekipman egzèsis deyò nan yon pak! Ekipman ki fèt pou egzèsis pèmèt yon pi gwo varyete aktivite fizik epi diminye ize vit ak andomaje lòt materyèl pak la.
Pri li ka koute: $150,000
Kote: Ap detèmine selon bezwen ak enpak.
Amelyorasyon Teren Baskètbòl
Kominote a itilize teren baskètbòl Cambridge yo anpil, sa ki lakòz yo fini vit epi andomaje. Finansman an pral sipòte renovasyon teren yo atravè vil la, pou kenbe teren yo an sekirite, nan bon kondisyon, epi aksesib pou moun tout laj ka jwe.
Pri li ka koute: $250,000
Kote: Ap detèmine selon bezwen ak enpak.
Orè Lwazi Andedan Kay Pandan Iv
Timoun ak fanmi yo bezwen plis kote pou yo jwe pandan sezon ivè frèt yo. Ann bay yon opsyon cho, andedan kay la ak orè jwèt lib pandan yon wikenn pa mwa nan diferan Sant Jèn pandan sezon ivè a. Timoun ki poko gen 18 an dwe akonpaye ak yon granmoun.
Pri li ka koute: $30,000
Kote: Sant Jèn Cambridge yo
Sechwa ak Ekipman Pisin
Achte sechwa pou bikini/kostim benyen ak nouvo ekipman pisin pou pisin vil la posede yo. Ekipman yo pral gen ladan yo bagay tankou planch pou lanaj, sapat/ semèl najwa, ak enstalasyon douch ki amelyore. Sa ap fè li pi an sekirite, pi fasil e pi amizan pou tout moun pwofite pisin nou yo.
Pri li ka koute: $20,000
Kote: Pisin War Memorial & Gold Star.
Twous Meteyo pou Fredi ak Lapli
Bay ekipman/ rad ki kenbe cho ak ki pa kite dlo pase pou ede manm kominote nou yo ki sanzabri rete an sekirite pandan fredi ak move tan frèt. Ekipman yo ka gen ladan rad tèmik, manto, sak dòmi ki pa kite dlo travèse, ak bòt solid.
Pri li ka koute: $60,000
Kote: Toupatou nan vil la pandan 3 zan
Sipòte Aksè Kontinyèl a Founiti Lekòl yo
Bay founiti lekòl ak atizanal nan bibliyotèk lekòl yo ak nan salklas yo pou tout elèv yo ka itilize yo. Objektif la se pou asire chak elèv Cambridge gen materyèl yo bezwen pou fini pwojè lekòl yo.
Pri li ka koute: $12,000
Kote: Cambridge Public Schools pandan 3 zan.
Avni Mwen, Vòt Mwen
Bay tout jèn elektè yo yon sak "vote tote (sak vòt)" ak enfòmasyon sou eleksyon lokal, eta ak federal ak enskripsyon elektè. Vil la ak gwoup elèv yo pral òganize yon konkou konsepsyon pou sak tote chak ane.
Pri li ka koute: $5,000
Kote: Cambridge Rindge ak Latin School pandan 3 zan.
Bisiklèt gratis pou rezidan ki gen ti revni
Elaji pwogram koupon pou bisiklèt la pou pèmèt plis rezidan Cambridge jwenn aksè a yon fòm transpò fyab ak ekolojik. Pwogram sa a bay rezidan yo koupon pou achte bisiklèt pedal, bisiklèt elektrik, E-cargo, oswa bisiklèt adaptab.
Pri li ka koute: $150,000
Kote: Nan tout vil la pandan 3 zan.
Repare Twotwa, Sove Pyebwa
Ranplase twotwa ki inegal oswa ki domaje toupre pyebwa yo. Yo pral itilize beton fleksib oswa lòt entèvansyon nesesè pou reparasyon yo. Reparasyon yo pral bay rasin pyebwa yo espas pou grandi pandan y ap fè twotwa yo an sekirite epi aksesib pou tout moun.
Pri li ka koute: $100,000
Kote: Ap detèmine selon bezwen ak enpak.
Siyal K ap Konte pou bisiklèt
Enstale kontè siyal pou bisiklèt pèmanan ak akoutèm nan tout vil la. Estasyon kontaj bisiklèt yo kolekte done pou Vil la pou enfòme politik piblik ak pwojè yo. Done yo ka enfòme konstriksyon liy bisiklèt nan lavni epi asire Vil la satisfè bezwen tout itilizatè wout yo.
Pri li ka koute: $209,000
Kote: Ap detèmine selon bezwen ak enpak.