Lari ki Pi Ansekirite Bò Pak ak Lekòl yo |
Diminye separasyon nimerik la |
Ajoute Koulè nan Sant Jèn nou an |
Balanse Nan Enklizivite |
Tande! Espas Reyinyon Piblik Teknoloji Tande |
Mikwo Forè Iben pou Cambridge |
Kiyès Ki Kite Chen Yo Deyò? |
Siyal Bekàn nan Kafou Frekante |
Kenbe Cambridge pi Pwòp |
Ouvri Pòt Nou - Dispozitif pou Ouvri Pòt Otomatikman nan Bilding Piblik yo |
Kanpay Edikasyon Jesyon Dechè |
Nou Bezwen Plis Pasaj Pyeton |
Makè Repons Rapid Gwo Vizibilite Bòn Ensandi |
Jaden Lapli pou Rezilyans |
Nouvo Pak Paviyon |
Limyè Pasaj Pyeton Kontwole |
Remak: Yo ranje pwojè sa yo nan yon lòd o aza.
Diminye separasyon nimerik la
Pou ede abòde egalite dijital, achte 100 Chromebooks ak 75 pwen koneksyon mobil (ak yon enskripsyon 2-ane) pou Sant Aprantisaj Kominotè ak Biblyotèk Piblik la pou pi byen sèvi popilasyon adilt k ap aprann epi prete yo.
Pri li ka koute: $95,000
Kote: Sant Aprantisaj Kominotè, Biblyotèk Piblik Cambridge
Balanse Nan Enklizivite
Mete plizyè gwoup balansin nan pak pou pèmèt timoun ki genyen andikap mobilite jwe ak timoun ki kapab fizikman. Sa ap pran pozisyon kont diskriminasyon kont moun andikape epi pèmèt timoun ki genyen tout kapasite jwe ansanm.
Pri li ka koute: $40,000
Kote: Pak lekòl oswa teren jwèt bò lekòl yo
Tande! Espas Reyinyon Piblik Teknoloji Tande
Ogmante aksesibilite pou moun ki genyen andikap pou tande pandan n ap enstale teknoloji k ap bay enfòmasyon odyo dirèk ak dispozitif pou tande ak enplan kochlyè nan yon espas reyinyon piblik tankou biblyotèk oswa sal reyinyon Meri.
Pri li ka koute: $150,000
Kote: Espas reyinyon piblik
Mikwo Forè Iben pou Cambridge
Gwoup pye bwa inik, ke yo plante dri nan anplasman espesifik nan vil la, pral mete bote, edike ak ede konbat chanjman klimatik. Yo pral plante anviwon 50 pye bwa ak pano edikasyonèl, pou mennen forè nan Cambridge.
Pri li ka koute: $85,000
Kote: Yo pral detèmine anplasman an
Kenbe Cambridge pi Pwòp
Enstale 6 Gwo Poubèl Fatra san kontak ak konpaktè resiklaj nan zòn ki gen plis bezwen yo. Ki mache ak solèy epi ki pi efikas pase poubèl tradisyonèl yo, Gwo Poubèl san kontak, redui bèt nuizib (tankou rat) epi kenbe lari yo pi pwa.
Pri li ka koute: $45,000
Kote: Jan sa nesesè anpil nan tout Cambridge
Ouvri Pòt Nou - Dispozitif pou Ouvri Pòt Otomatikman nan Bilding Piblik yo
Anpil bilding nan vil la genyen pòt ki lou san dispozitif pou ouvri yo otomatikman, sa ki rann aksè ak bilding sa yo difisil. Dispozitif pou ouvri pòt otomatikman san touche li ka pote benefis pou moun ki granmoun, ansent, ki nan chèz woulant oswa twotè, pouse twotinèt, enkyetid sou jèm, oswa nenpòt moun ki genyen men yo chaje.
Pri li ka koute: $50,000
Kote: Senk Bilding Piblik Atravè Cambridge
Makè Repons Rapid Gwo Vizibilite Bòn Ensandi
Enstale makè gwo vizibilite sou bòn ensandi tout kote nan vil la pou ogmante sekirite pou tout rezidan yo epi diminye tan repons depatman ponpye pandan l ap amelyore fasilite pou lokalize bòn ensandi yo nan sitiyasyon ijans, lannwit ak nan nèj.
Pri li ka koute: $8,000
Kote: Depatman Ponpye Cambridge pral detèmine Anplasman yo
Jaden Lapli pou Rezilyans
Jaden lapli kreye pou sèvi ak yon teren epi plan espesifik k ap absòbe epi filtre dlo lapli, epi ki bon mache, bèl fason pou natirèlman netwaye dlo k ap desann epi pwoteje kont inondasyon. Enfrastrikti vèt yo pa janm konn bèl konsa!
Pri li ka koute: $120,000
Kote: Yo pral detèmine De Lokal ki konsistan ak Plan Adaptasyon Klima a