Byenvini nan vòt Sik 11 Participatory Budgeting (PB) pou Vil Cambridge la!
6-16 Mas 2025
Vil Cambridge envite rezidan ki gen laj 12 ane oswa plis (sa gen ladan tout elèv 6yèm ane) pou vote sou pwojè pou amelyore vil la. Ou ka vote epi deside ki jan pou depanse $1 milyon nan Bidjè Envestisman Vil la!
Vòt nan tout vil la ap fèt 6-16 Mas 2025.
Vote mande pou gen yon kòd pou verifikasyon. Ou ka resevwa yon kòd atravè yon mesaj tèks, imel, oswa nan yon lokal pou vote an pèsòn.
Si ou gen yon telefòn selilè ki ka resevwa mesaj tèks, tanpri chwazi bouton "Vote Kounye a!" la pou kòmanse vòt la.
Si ou pa gen yon telefòn selilè, ou ka resevwa yon kòd sou imel. Tanpri chwazi bouton "Antre kòd" la epi swiv enstriksyon ki nan paj la pou w ka jwenn yon kòd aksè epi vote.
Pou vote an pèsòn, vizite pb.cambridgema.gov pou wè orè vòt konplè a avèk lokal yo.
Tanpri vizite pb.cambridgema.gov pou plis enfòmasyon. Kontakte Budget Office (Biwo Bidjè) la nan pb@cambridgema.gov oswa (617) 349-4270 pou nenpòt kesyon.
Sit entènèt sa a te rive posib gras a Stanford Crowdsourced Democracy Team.
https://www.cambridgema.gov/participatorybudgeting