Ou te seleksyone
0 / 0
pwojè.

Sa se sèlman yon apèsi. Vòt ou an p'ap anrejistre.

Enstriksyon yo

  1. Seleksyone pwojè ou t'ap renmen sipòte yo. Ou ka vote jiska 5 pwojè.
  2. Klike sou bouton "Voye Vòt Mwen an" lè ou santi ou prè pou voye li.

Remak: Yo ranje pwojè sa yo nan yon lòd o aza.



Annou Jwe Pickleball

Annou rann jwèt pickleball la disponib pou manm kominote Cambridge la nan plizyè lokal! Pwopozisyon sa a pral ajoute filè ki ka ajiste, liy règleman pou pickleball, afich ak ban nan teren tenis la nan Glacken Field ak nan Hoyt Field.

Pri li ka koute: $60,000

Kote: Teren tenis nan Glacken Field ak nan Hoyt Field.

   

Teknoloji pou Sant Jèn yo

Pwojè sa a pral enstale nouvo espikè, nouvo òdinatè ak tablèt nan sant pou jèn yo. Teknoloji sa a pral ede elèv yo reyalize travay lekòl la, jwenn aksè nan nouvo zouti aprantisaj, epi pran plezi.

Pri li ka koute: $250,000

Kote: Cambridge Youth Centers.

   

Tablo Kominikasyon Vizyèl nan Teren an

Pwojè sa a pral enstale nouvo tablo nan espas yo k ap ede timoun ki gen difikilte kominikasyon vèbal. Zouti sa a pèmèt timoun ak swayan yo lonje dwèt sou imaj pou kominike bezwen ak dezi yo.

Pri li ka koute: $20,000

Kote: Pak piblik Cambridge. Yo pral detèmine lokal yo selon bezwen ak enpak evalyasyon yo.

   

Kat Dijital pou Pakouri Cambridge

Enstale yon pano nimerik pou ede piblik la pakouri espas la. Pwojè sa a pral bay yon kat lari a, pral mansyone wout transpò piblik yo ak pwen repè nan kominote a (bibliyotèk, pak, lekòl yo, elatriye), epi mete enfòmasyon sou pwochen evènman yo ak anons ki enpòtan yo.

Pri li ka koute: $60,000

Kote: Yon zòn ki genyen anpil sikilasyon, tankou toupre estasyon pou transpò an komen yo nan gran plas yo.

   

Pyebwa Danehy Park ak Cambridge

Pyebwa sa yo bay anpil avantaj tankou lonbraj, espas pou bèt ak bote natirèl. Epitou pyebwa yo ede avèk konsèvasyon kabòn, kontwòl dlo lapli, ak amelyorasyon kalite lè a. Pwopozisyon sa a pral plante nouvo pyebwa nan Danehy Park ak lòt espas ki nesesè ozalantou Cambridge.

Pri li ka koute: $100,000

Kote: Danehy Park ak lòt zòn anplis Vil la chwazi.

   

Pakin pou Bisiklèt ak Estasyon Reparasyon Bisiklèt

Enfrastrikti pou bisiklèt yo pa fini avèk wout bisiklèt yo. Pwojè sa a pral konstwi yon abri pou bisiklèt ki genyen 20 espas ki kouvri, enstale 50 nouvo sipò pou bisiklèt ki genyen yon kapasite 100 bisiklèt, epi enstale 10 nouvo estasyon reparasyon bisiklèt.

Pri li ka koute: $100,000

Kote: Pou detèmine selon bezwen, enpak ak disponiblite espas la.

   

Estasyon Rechaj Pou Veyikil Elektrik

Enstale estasyon rechaj pou veyikil elektrik nan de lokal. Veyikil elektrik yo ap vin pi popilè, men se pa tout moun ki ka rechaje yo lakay. Ponp piblik yo ankouraje itilizasyon machin elektrik epi anviwònman nou an benefisye de sa.

Pri li ka koute: $250,000

Kote: Dwe detèmine selon bezwen ak enpak evalyasyon yo. Lokal espesifik yo genyen ladan espas pakin minisipal yo, lari avèk enfrastrikti elektrik ak kote ki genyen demann.

   

Bisiklèt E-cargo pou Wouze Plant

Bisiklèt kago elektwonik (E) yo ede manm pèsonèl Vil la mentni kanopi iben nou an. Pandan sechrès ak vag chalè yo, bisiklèt E-cargo yo transpòte ekipman nan Cambridge pou wouze plant yo. Acha twa nouvo bisiklèt E-cargo t ap elaji pwogram ‘water-by-bike’ vil la.

Pri li ka koute: $25,000

Kote: Nan tout vil la.

   

Resiklaj Entelijan ak Konpresè Fatra

Ajoiute 5 konpresè pou resiklaj ak pou dechè «Big Belly» ki reziste anba wonjè yo epi ki san kontak nan Cambridge. Poubèl Big Belly yo fonksyone avèk enèji solè epi yo plis efikas pase poubèl tradisyonèl yo. Yo kenbe Vil la pi pwòp, yo redwi wonjè yo, epi yo diminye aksè resiklaj.

Pri li ka koute: $40,000

Kote: Pou detèmine selon bezwen ak enpak evalyasyon yo.

   

Jwenn wout ou nan Danehy Park

Pwopozisyon sa a pral enstale nouvo pano ak katografi nan Danehy Park. Aktyèl pano yo kraze, yo pa ajou, oswa yo pa la, sa ki rann li difisil pou pakouri pak la ki mezire 202343 ekta. Nouvo pano yo pral rann Danehy akeyan epi fasil pou tout vizitè yo eksplore.

Pri li ka koute: $75,000

Kote: Danehy Park.

   

Pòt Otomatik pou Bibliyotè yok

Pwojè sa a pral enstale pòt otomatik nan plizyè branch nan Bibliyotèk Piblik Cambridge la. Pòt otomatik yo pral ede rann bibliyotèk yo plis aksesib pou piblik la.

Pri li ka koute: $150,000

Kote: Lokal ki rekòmande yo genyen ladan O’Neill, Collins ak Bibliyotèk Branch O’Connell yo.

   

Renovasyon Baskètbòl

Baskètbòl se yon espò ki popilè nan Cambridge. Annou amelyore teren nou yo pou rann egzèsis la pi atraktif epi pi amizan! Pwojè amelyorasyon sa a pral tounen avèk de teren baskèt yo te neglije, li pral enstale nouvo panye ak nouvo filè, epi repentire liy k ap efase yo.

Pri li ka koute: $275,000

Kote: Pou detèmine selon bezwen ak enpak evalyasyon yo.

   

Annou Jwe Echèk

Enstale tablo echèk anplennè nan pak yo, gran plas nan vil, ak toupre pibliyotèk yo. Pwojè sa a pral ankouraje enteraksyon kominotè atravè echèk, jwèt dam ak lòt jwèt tablo yo! Pwojè sa a pral asire rezidan yo ka prete je echèk nan bibliyotèk piblik yo.

Pri li ka koute: $35,000

Kote: Pou detèmine selon bezwen ak enpak evalyasyon yo.

   

Twa Nouvo Atizay Miray Piblik

Retounen mete lavi nan Cambridge avèk 3 nouvo penti nan miray katye yo. Pwojè atizay piblik sa a t ap reflete divèsite kiltirèl nou an, pwen fò ak enèji pozitif. Atis lokal k ap travay avèk elèv lekòl segondè yo pral pwodwi ment miray yo.

Pri li ka koute: $120,000

Kote: The Port, Mid Cambridge, North Cambridge.

   

Ogmante Aksè nan Bluebikes

Enstale 3 nouvo estasyon Bluebikes nan zòn ki bezwen pou ogmante rezo ki genyen kounye a. Chak estasyon Bluebikes pral ogmante aksè ak siklis yo avèk 19 pò ak 12 bisiklèt. Vote pou sipòte transpò ki pa chè ak transpò ki dirab!

Pri li ka koute: $175,000

Kote: Zòn ki manke enfrastrikti Bluebikes ki apwopriye yo.

   

Gade epi Koute: Travèse Avèk Plis Sekirite pou Cambridge

Enstale pano pou pasaj pyeton ki vibre avèk odyo nan 10 lokal ak baliz k ap flache byen vit nan 5 lye nan Cambridge. Ekipman sa a pral bay pi gwo vizibilite ak sekirite pou pasaj pyeton yo nan tout vil la.

Pri li ka koute: $180,000

Kote: Manm pèsonèl Vil la dwe detèmine sa selon bezwen ak evalyasyon enpak yo.

   

Plis Wi-fi Piblik Anplennè

Ajoute Wifi piblik anplennè nan Clement Morgan Park toupre Central Square. Anplis, pwopozisyon sa a pral avanse avèk aksè ki ekitab sou entènèt pou rezidan Cambridge yo.

Pri li ka koute: $100,000

Kote: Clement Morgan Park.

   

Jimnaz Anplennè

Enstalasyon ekipman egzèsis fizik anplennè nan pak lokal yo ankouraje moun yo fè egzèsis. Ekipman sa a ta dwe gen ladan ba fiks ak paralèl, bentch, ak kote pou fè etiman. Djim anplenè yo ede kenbe rezidan Cambridge yo ansante e an fòm fizikman!

Pri li ka koute: $130,000

Kote: Yon pak piblik nan Cambridge. Pou deside selon bezwen ak evalyasyon fezablite yo.

   

Amelyore Eksteryè Moore Youth Center a

Pwojè sa a pral amelyore eksteryè Moore Youth Center pandan l ap ajoute yon ti jaden, pi bon tab, syèj pou chita deyò, yon enstalasyon atistik, ak plis toujou. Amelyorasyon sa yo pral rann espas la plis konfòtab epi plis adapte pou jèn yo.

Pri li ka koute: $100,000

Kote: The Moore Youth Center.

   

Chita epi Rechaje nan Lonbraj

Enstale 10 ban anba lonbraj avèk estasyon rechaj ki fèt ak pano solè ozalantou Cambridge. Pwojè sa a pral amelyore kalite lavi pyeton yo chak jou. Ban solè yo pral pèmèt moun chita yon kote ki pa gen solèy epi rechaje aparèy elektwonik yo.

Pri li ka koute: $100,000

Kote: Pou detèmine selon bezwen, enpak ak disponiblite espas la. Lokal ki rekòmande yo gen ladan pak ak gran plas vil la.