Moman vòt la fini.

 

Byenvini nan vòt Participatory Budgeting (Bidjetizasyon Patisipatif) (PB) pou Vil Cambridge, koutwazi Stanford Crowdsourced Democracy Team.

Si w se yon rezidan Cambridge ki genyen 12 lane oswa plis, OU ka vote epi deside sou fason pou depanse $1 milyon dola Bidjè Kapital Vil la. Vòt la pral fèt nan dat 1-11 Desanm 2022.

Tanpri klike sou Vote a distance kounya pou ale sou paj votasyon an. Vòt sou entènèt la disponib an Anglè, Amarik, Arab, Bengali, Chinwa, Kreyòl Ayisyen, Pòtigè ak Espanyòl. Ou ka vote isit la si ou genyen yon telefòn pòtab ki ka resevwa yon mesaj tèks.

Si w pa genyen yon telefòn pòtab men ou vle vote kanmenm, klike sou bouton Antre Kòd la la ki anba a pou resevwa yon kòd aksè epi vote. Si w bezwen plis pase yon kòd pou yon manm fanmi, tanpri adrese yon imèl pou biwo Bidjè a pb@cambridgema.gov pou mande lòt kòd.

Tanpri vizite pb.cambridgema.gov pou jwenn plis enfòmasyon. Oswa kontakte Biwo Bidjè a nan pb@cambridgema.gov oswa (617) 349-4270 pou nenpòt kesyon.

 

*Tout elèv klas 6yèm ane Cambridge yo elijib pou vote.