Byenvini nan vòt Participatory Budgeting (Bidjè Patisipatif) Vil Cambridge la!
Vil Cambridge envite rezidan ki gen laj 12 ane oswa plis (sa gen ladan tout elèv 6yèm ane) pou vote sou pwojè pou amelyore vil la. Ou ka vote epi deside ki jan pou depanse $2 milyon nan Bidjè Envestisman Vil la!
Vòt la ap fèt 7-17 Mas 2024.
Tanpri chwazi lyen "Vote Kounye a!" pou ale nan paj vòt la. Bilten vòt sou entènèt la disponib an Anglè, Amharic, Arab, Bengali, Chinwa, Kreyòl Ayisyen, Pòtigè, ak Espanyòl. Ou ka vote isit la si ou gen yon telefòn selilè ki ka resevwa yon mesaj tèks.
Si ou pa gen yon telefòn selilè men ou toujou vle vote, chwazi bouton "Entre kòd" ki pi ba a pou jwenn yon kòd aksè epi vote. Si w bezwen plis pase yon kòd pou yon manm fanmi, tanpri voye yon imel bay Budget office (Biwo bidjè) a nan pb@cambridgema.gov pou mande plis kòd.
Tanpri vizite pb.cambridgema.gov pou plis enfòmasyon. Oswa kontakte Budget Office la nan pb@cambridgema.gov oswa (617) 349-4270 pou nenpòt kesyon.
*Tout elèv 6yèm ane Cambridge kalifye pou vote.